Talking With Your Doctor (Kreyol ayisyen)

Fason pou Pale Avèk Doktè Ou Ekip swen sante ou W ap gen yon ekip moun ki resevwa fòmasyon pou ede ou kontwole kansè ou. Chak nan moun sa yo gen ladrès espesyal ou ta ka bezwen. Yo kapab di ou kote ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou kansè. Yo kapab reponn kesyon ou yo, sipòte ou, epi ba ou referans pou ale nan sous èd ki toupre ou.